Search This Blog

January 13, 2010

Pray for Haiti


TESTAMAN

Lè m’mouri, fè bèl vèy pou mwen

M’pa pral ni nan paradi ni nan lanfè
Pînga pè pale laten nan tèt mwen.

Lè m’mouri, antere mwen nan lakou-a
Rasanble tout zanmi-m fè bèl fèt
Pînga pase legliz ak kadav mwen

Lè m’mouri, se pou tout moun byen ge
Ri, chante, danse, bay blag
Pînga kriye, rele nan zòrèy mwen

Lè m’mouri, m’pa p’fin ale nèt
Tout kote k’ganyen bèl banbòch
Kote nèg lib, fò yo nonmen non mwen

--Feliks Moriso-Lewa

Translated

TESTAMENT
When I die, make me a beautiful wake
I’m going neither to paradise nor to hell
Don’t let a priest speak latin to my head

When I die, bury me in the yard
Gather all my friends, make a big feast
Don’t go past the church with my corpse

When I die, everyone should really get happy
Laugh, sing, dance, tell jokes
Don’t bawl, yell into my ear

I won’t be completely done when I’m dead
All the places where there were great bashes,
Where people are free—they’ll remember me

--Felix Morisseau-Leroy

No comments:

Post a Comment

Comments